Add parallel Print Page Options

Piga youn kritike lòt

(Mat 7:1-5)

37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”

Read full chapter