Add parallel Print Page Options

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

15 Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16 Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?(A) Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”(B)

Read full chapter